Yon ti refleksyon sou alfabè kreyòl ayisyen

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
EUGGIO
New entry
New entry
Messages : 1
Inscription : mercredi 01 décembre 2010 14:35

Yon ti refleksyon sou alfabè kreyòl ayisyen

Message par EUGGIO »

Selon Encyclopædia Britannica Online – Merriam-Webster's Online Dictionary e Wikipedia, yon alfabè se yon gwoup lèt ou simbòl ekri nan yon lòd chwazi. Chak lèt kanpe plis ou mwens dèyè yon sèl fonèm, ki se ke moun itilize lè yo ap pale. Li rele "alfabè" paske li sòti nan mo laten alphabetum ki li menm sot nan mo grèk alphabetos (ki konbinen de premye lèt alfabè grèk la: alpha e bèta) [...].

An teori, chak lèt yo ta dwe reprezante yon sèl fonèm. Men sa pa fèt souvan. Lè konsa, gen lèt ke yo dekore avèk youn ou plizyè diakritik (siy ki akonpaye yon lèt) lè yo pa kapab fin reprezante tout son nan lang la (i.e. ê, è, é, ë nan lang fransè: aksan chapo ou sikonflèks [^], egi [´], fòs [`] e trema [¨] anlè e) ou lè gen difikilte pou konprann (i.e. á, é, í, ó avèk ú nan lang panyòl: aksan tonik [´] anlè a, e, i, o e anlè u). Alfabè a kapab genyen digram ou trigram (2 ou 3 lèt konbinen ansanm) ladan li tou kòm yon sèl lèt ajoute. Se ka lang ayisyen an.

Men alfabè ofisyèl lang n'ap pale chak jou a: a, an, b, ch, d, e, è, en, f, g, h, i, j, k, l, m, n, ng, o, ò, on, ou, oun, p, r, s, t, ui, v, w, y, z (http://www.editionskonbit.com/alphabet.html). Li gen 32 lèt ki konte pami yo 7 digram (an, ch, en, ng, on, ou, ui), 1 trigram (oun), 2 lèt diakritik (è, ò) e 22 lèt senp (a, b, d, e, f, g, h, i, j, k, l, m, n, o, p, r, s, t, v, w, y, z). Mwen respekte tout travay ki fèt nan lang nan e si mwen ekri atik sa, se pou yon bagay ke mwen pa gen eksplikasyon pou li e pa pou mwen kritike.

Avan mwen vin sou bagay ki fè mwen ekri atik sa, mwen te vle montre kisa ki te koze mwen reflechi sou sa. Gen plizyè otè ki pa gen pwoblèm tradwi non pwòp yo nan pwòp lang pa yo. Nan ka ki enteresan isit la, m'ap di kreyolize. Mwen ap raple ke tout lang gen pwoblèm sa ke yo ap sibi e pwoblèm sa gen 4 dimansyon: semantik, sosyo-lengwistik, grafik e fonetik. Sa pral fèt selon moun ki ap fè tradiksyon an e ki sa li vle pataje. M'ap raple ankò ke tout lang rankontre pwoblèm sa. E gen anpil moun ki pa dakò sou sa. Ale pa ekzanp sou http://www.vacarme.org/article1647.html pou li yon atik ki pale de sa e ki konsène tradiksyon non pwòp nan lang fransè.

Men si pwoblèm sa parèt nan lòt peyi, peyi pa nou ap fè fas ak pwoblèm sa sou de jan. Sou premye jan an, li kapab konpare li avèk zòt, men sou dezyèm nan, li fè fas a pwoblèm nan paske li gen de lang kòt a kòt e majorite pèp la gen non yo an fransè. Men nan fason sa konn fèt nan peyi a, yon moun ka remake pa ekzanp ke lè yo ap rele Marlène, yo gen tandans di Malèn pito. Yo ka pran desizyon sou sa, men eske yo dwe ekri non moun nan menm jan yo gen tandans pwononse li a? Si sa kontinye fèt konsa, tout Ayisyen ta dwe gen de non "ofisyèlman": youn an Ayisyen e youn an Fransè. Mwen kapab montre, avèk fòs kote, kòman sa pa fè sans si mwen aplike ka sa sou yon Kanadyen: li gen yon non fransè paske li fèt nan pati fransè e non sa chanje lè li janbe nan pati anglè a. Sa t'ap koze yon gwo pwoblèm nan administrasyon peyi a. Gen anpil gwo zotobre (mwen dakò avèk yo e mwen pa pe site non yo) nan lang ayisyen ki pa dakò avèk kèlke ekriven ki ap aji konsa kouwè lwijanboje nan ekri lang nan lè yo tradwi, jan yo vle, non pwòp yo.

Si mwen vin pale sou sa se pou mwen te ka vini sou vrè bagay ki ap sekwe mwen an. Pwononse Marlène [maʀlɛn] nan yon tèks an Ayisyen ou Zacharie [zakaʀi], sa parèt kòm si se bay yo ta bay prensip nimewo 2 ki di ke, dapre pwofesè Yves ak Paul Dejean, chak son ekri menm jan a yon souflèt paske ch a pwononse [ʃ] e pa [k]. Li pa nan abitid yon moun tou ki pa konn pale fransè pou li pwononse èr la devan yon konsòn an Ayisyen, men lèt sa a ekziste nan alfabè a tou kòm che a. Men si nou pran Metellus [metelɥs], pwoblèm nan chita nan pwononse u a ki pa nan alfabè nou an. Se sa ki manman pwoblèm nan. Twa ekzanp sa mwen sot pran an montre ke gen yon diferans mòfolojik antre jan mo a ekri an franse e an ayisyen (sa nòmal). Anplis de sa, twazyèm nan montre yon diferans fonolojik. Mwen raple que si alfabè lang nou an gen 32 lèt se paske lengwis ki kreye li a e ki bay li fòm ofisyèl ke nou konnen jounen jodiya jete 4 lèt nan alfabè lang manman li a ki se fransè e ki mare li endirèkteman ak lang laten ki gen 26 lèt senp nan alfabè li a. Lè nou li li an ayisyen, li pwononse

Mwen te vle montre ke non konsitwayen mwen yo pa dwe chanje sot nan yon lang ale nan yon lòt. E sa vin fè ke yon pwoblèm son ki poze. Gen pa ekzanp anpil mo angle ki antre nan lang fransè, men malgre sa, pa gen pwoblèm pou pwononse yo menm si aksan an pa menm. M'ap pran ekzanp lang italyen e panyòl pou mwen pwopoze yon ide. Alfabè italyen an itilize nòmalman 21 lèt sou 26 nan alfabè laten an avèk yon latriye fonèm e diakritik, men li kenbe rès lèt laten yo ki pèmèt li pwononse e ekri mo ki sot nan lang etranje. Alfabè panyòl gen kounyeya 29 lèt pa rapò a 30 lontan selon Akademi Wayal Lang Panyòl (Real Academia de la lengua Española), men nouvo diksyonè yo ap genyen 26 lèt.

Li t'ap bon pou yo revize alfabè ayisyen e ajoute 4 lèt alfabè laten entènasyonal (c, q, u avèk x) la ki gen 26 lèt. Digram e trigram ki deja ekziste yo t'ap toujou la, men yo t'ap pèdi plas yo nan alfabè. Sa pa t'ap yon pwoblèm piske se konbinezon lèt senp ki la deja yo ye, avèk yon vizyon a pa pou digram ui ki se yon konbinezon lèt u et i kote tout moun ka remake ke u a pa menm egziste nan alfabè ofisyèl la jodiya. Lang nan ap toujou rete jan li ye a nan pwononsyasyon li, men avèk yon pi gwo kapasite. Mwen swete alò ke gen yon kout je ki jete sou pwoblèm sa yo ke mwen te obsève mwen menm, nan objektif vin fè lang ayisyen an pi ouvè e pèmèt li apresye richès ki genyen nan sa lòt lang ka pote nan domèn fonolojik... avan e nan tann ke tout Ayisyen ap tann Akademi lang ayisyen an wè jou.
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: Yon ti refleksyon sou alfabè kreyòl ayisyen

Message par kenn »

Li t'ap bon pou yo revize alfabè ayisyen e ajoute 4 lèt alfabè laten entènasyonal (c, q, u avèk x) la ki gen 26 lèt.
Observasion a w' layo exakt , des keu yonn pa kapab ferme kreol la sou anndan, nou dwe rouvri y sou deor. M' pa vwer pourki rezon pou m'ekri : T-a-k-si, F-a-k-s olue sempleman Taxi, Fax. Sa se yon ilojik m'ap parle depui yon bon 20 an.

N'ap brè on lit lèt pou n'al fè lit amba solèy - Na pwen kreolofôn ki depui dig dan tan ki fin gen abilite prononse "u" ki p'ape diferansie fonetikman "litr" epi "lut" ; mwen, mon pa ka vwer tet a mwen konm yon profeseur kreol ki pway di yon moun keu se "lit" i dwe di , keu "u" se kreol fransize obien tou sempleman français.

Voye kreol douvan, douvan !
KENN
Répondre