Deklarasyon Dwa Inivèsèl dwa moun

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
edpoete
40 Posts
40 Posts
Messages : 47
Inscription : mercredi 29 juin 2005 16:31
Contact :

Deklarasyon Dwa Inivèsèl dwa moun

Message par edpoete » mercredi 10 novembre 2010 16:25

Deklarasyon dwa ininvèsèl dwa moun
Vèsyon nimero 2

Anbasad Kanada, Fon Kanadyen Pòtoprens

Koudmen nan teknik : Wilfrid Dalzon(CFET)

Konsiltan Odyovizyèl: Frantz Ewald

Desen: Bernard Kénol
Kolaboratè: Bernard Kénol, Paul Denis

Test: zòn andeyò tankou Tomasik, BòkBanik, Lopòs, SenRafayèl, Twou zonbi epi Kay Jakmèl

Imprimerie Le Natal S.A. Mai 1993

Deklarasyon dwa moun

Atik 1

Tout moun sou tè a fèt tou lib. Tout gen menm valè( nan je lasosyete), tout moun gen menm dwa devan Lalwa. Tout moun fèt ak yon bonsans, tout fèt ak yon konsyans epi youn fèt pou trete lòt tankou frè ak sè.

Atik 2
Chak moun sou tè a fèt pou kapab benefisye libète ak dwa ki pwoklame nan deklarason sila a, san okenn differans, tankou diferans ki chita sour as, sou koulè po, sou si se fanm oswa si se gason. Pa fèt pou gen okenn ki chita ni sou lang, ni sou relijion, ni sou opinion politik, oswa lòt fason de moun panse. Pa dwe gen diferans ki chita sou nasyonalite moun, klas sosyal yo, riches yo, kondisyon paran yo te fè yo ni sou okenn lòt rezonman nan jan sa a.
Pa fèt pou gen okenn diferans non plis, ki gen rapò ni ak sitiyasyon politik, ni ak kalite relasyon diplomatik ki egziste ant peyi kote moun nan ye a ak peyi kote moun nan soti a, kit se yon peyi ki gran moun lakay li oswa ki ta gen kèk règleman ki limite pouvwa l pou pran desizyon poukont li.

Atik 3
Se dwa chak moun pou l chache mwayen pou konsève lavi li, konsève libète l epi pwoteje tèt li.

Pèsonn pa gen dwa fè okenn moun tounen esklav ni fòse okenn moun fè yon travay. Pa fèt pou gen ni esklavaj, ni komès esklav, kèlkeswa jan y ap fèt la.

Yo gen gen dwa bat okenn moun, ni fè li pase mizè, ni fè li sibi lòt kalite soufrans pou fè li pèdi kontwòl li oswa fè li sispann konsidere tèt li kòm moun, fè li tounen zonbi.

Lalwa

Atik 6
Chak moun gen yon seri dwa lalwa ba li. Dwa sila yo fèt pou respekte toupatou sou tè a.

Atik 7
Tout moun egalego devan lalwa. Lalwa fèt pou bay tout moun menm pwoteksyon, san paspouki.
Lalwa fèt pou peoteje tout moun menm jan, kont tout prjije ki depaman ak deklarasyon sa a epi kont tout ajisteman ki ka kreye kalite prejije sa yo tou.

Atik 8
Se dwa tout moun pou otorite lajistis nan peyi kote y ap viv la, ba yo bon jan konkou pou anpeche yo viktim move zak ki dozado ak dwa konsitisyon oswa lalwa peyi a ba yo. Dwa sa yo pesonn pa sipoze wete nan men yo.

Atik 9
Yo pa gen dwa rete konsa pou yo arête yon moun, ni pou yo fèmen li nan prizon ni pou yo akzile li san kòz

Atik 10
Se dwa chak moun ki parèt devan lajistis, pou yo tande kòz li menm jan ak pa tout lòt moun. Kòz chak moun fèt pou jije klè, san paspouki, devan yon tribinal kip a nan patipri. Se tribinal sa a ki pou fè jijman sou dwa ak responsabilite moun nan. Se tribinal la tou ki pou deside si lalwa rekonèt te gen rezon pou yo mennen moun nan devan lajistis.

Atik
Nenpòt ki moun yo ta akize pou move zak, yo dwe konsidere moun nan inosan, jiskaske lalwa vini rekonèt li kòm koupab, oubyen apre yo fin tande kòz la nan yon tribinal piblik. Tribinal sa a dwe bay moun nan tout mwayen pou li defann tèt li.

Y opa fèt pou kondane okenn moun poutèt li te aji yon fason kip a bon si, lè moun nan tap aji a pat ko gen okenn lwa nan peyi a, ni okenn lwa entènasyonal ki te ko deklare moun nan pa gen dwa aji fason sa a. Menm jan a tou, y opa gen dwa bay okenn moun yon kondanasyon ki pi gwo pase sa lwa te fikse pou move zak la, lè moun nan tap fè zak sa a.

Atik 12
Pèsonn pa fèt pou fouye nan lavi prive okenn lòt moun, nan zafè fanmi li, ni nan sa k ap pase andedan lakay li. Pèsonn pa gen dwa fouye nan lèt yon lòt moun ekri oswa lèt li resevwa, ni fè anyen ki ka dezonore moun nan oswa fè li pèdi repitasyon l. Chak moun gen dwa pou lalwa ba li pwoteksyon kont zak fouyapòt ak medizan-malpalan sa yo.

Atik 13
Chak moun gen dwa pou li sikile lib epi pou li chwazi ki bò li vle abite nan peyi kote lap viv la

Nenpòt ki moun fèt pou gen dwa pati kite nenpòt ki peyi, menm si se epyi pa li. Se dwa moun nan pou l retounen nan peyi li lè lide l di l.

Atik 14
Lè gen pèsekisyon, tout moun gen dwa chache refij nan anbasad oswa teritwa yon lòt peyi. Se dwa tout moun pou yo benefisye pwotekson sa a

Dwa sa a pa valab si y ap pousuiv moun nan pou yon krim lalwa kondane, oswa pou kèk ajisteman kip a ale nen menm sans ak entansyon epi ak prensip nasyonzini yo.

Atik 15
Se dwa chak kretyen-vivan pou li gen yon nasyonalite.
Pèsonn pa ka wete nasyonalite yon moun nan men li, ni retire dwa moun nan pou li chanje nasyonalite l.

Atik 16
Depi yon gason ak yon fi majè, kelkeswa ras yo, nasyonalite yo oswa relijion yo, yo gen dwa marye epi fonde yon fanmi. De moun say o toujou egalego tout tan yo ansanm epi menm lè y a kite

Mariaj la pa sa fèt san se pa ak konsantman 2 moun ki pral marye yo

Mariaj se asosyasyon ki pi konsekan nan je lasosyete. Li fèt pou benefisye peoteksyon lasosyete ak leta

Atik 17
Se dwa chak moun pou li genyen yon byen, swa poukont li swan an tèt ansanm ak lòt moun.
Pèsonn pa ka rete konsa pou l deside wete byen yon moun nan men l

Atik 18
Se dwa chak moun pou l gen fason panse pa li, konviksyon ak relijion lide l di l. Ak dwa sa a, chak moun sipoze lib chanje relijion jan li vle, ak konviksyon li tou. Chak moun lib fè antrenman, fè pratik, fè, fè sèvis ak seremoni pou manifeste relijion oswa kwnayans li. Li sanse lib fè tout bagay sa yo, swa poukont li swa nan yon gwoup, kit se an piblik, kit se yon kote apa

Atik 19
Se dwa chak moun pou li gen fason panse pa li. Epi pou li gen dwa lapawòl. Sa vle di tou, dwa pou pesonn pa ba li peoblèm poutèt jan li panse, dwa pou li ka sèvi ak nenpòt kalite mwayen pou li mache chache, aksepte, oswa resevwa enfòmasyon epi simaye yo tribò-babò, ak tout kalite lide

Atik 20
Tout moun lib fè reyinyon epi patisipe nan asosyasyon san zam
Yo pa gen dwa oblije pèsonn vini manm okenn asosyasyon

Atik 21
Tout moun gen dwa patisipe nan direksyon zafè piblik peyi li. Gen de fason moun nan ka patisipe: swa li chèche natre li menm menm nan yon administrasyon Leta, swa li patisi^pen an yon eleksyon lib, pou chwazi moun ki pou dirije nan non li.

Atik 22

Se dwa chak moun, kòm manm nan sosyete a, pou Leta ba li garanti sekirite sosyal, sa vle di, mwayen pou li satisfè tout bezwen ekonomik, sosyal ak kiltirel ki endispansab pou li pa pèdi diyite li kòm moun epi pou li devlope pèsonalite li alèz. Demach pou jwenn sekirite sosyal sa a gen dwa fèt avèk konkou ajans ki tabli nan yon peyi oswa avèk konkou kèk ajans entènasyonal, selon fòm òganizasyon ak mwayen chak peyi

Atik 23
Chak moun gen dwa travay, dwa pou li deside ki travay li vle fè osinon li pa vle fè. Se dwa li pou li travay nan bon kondisyon ki pa kont enterè li epi ki pwoteje li.
Se dwa tout moun kif è menm kalite ak menm kantite travay, pou yo touche menm valè lajan, san paspouki

Se dwa chak moun kap travay pou li touche apwentman ki koresponn ak travay li ap fè a. Li fèt pou touche dekwa pou li menm ak tout fanmi li ka mennen yon vi respektab. Chak fwa gen psoibilite yo fèt pou ta mete anplis tout lòt mwayen pwoteksyon sosyal ki genyen sou apwentman sa a

Tout moun gen dwa fè kolonn ak lòt moun pou fonde sendika oswa antre nan sendika ki la déjà pou defann enterè yo

Atik 24
Tout moun gen dwa pran repo epi jwenn tan pou li amize li. Se dwa moun nan pou li pa travay depase limite pi pou li gen peryòd konje peye si li se yon anplwaye

Atik 25
Se dwa chak moun pou li genyen ase mwayen pou li bay tèt li ak fanmi li tout kalite swen nesesè tankou manje, rad, lojman, swen medikal ak tout lòt sèvis sosyal ki nesesè. Se dwa chak moun pou li gen yon apui pou ka maladi, domaj, lanmò mari oswa lanmò madanm, vyeyès, nenpòt lòt ka oswa sikonstans kalamite ki ta vin fè moun nan pèdi mwayen li te genyen pou li viv

Se dwa fi kap akouche ak ti bebe nan kouchèt pou yo jwenn asistans ak pwoteksyon espesyal. Tout timoun, pitit lejitim kou pitit deyò, fèt pou benefisye menm pwoteksyon an.

Atik 26
Se dwa tout moun pou li al lekòl. Lekòl Leta fèt pou gratis sitou lekòl elemantè ak lekòl fondamantal. Lekòl elemantè fèt pou obligatwa. Lekòl teknik ak lekòl peofesyonel fèt pou alapòte tout moun. Epi posibilite antre nan inivèsite ta dwe egziste pou tout moun, selon kapasite edtid yo

Edikasyon fèt pou vize devlopman pèsonel moun epi ranfòse respè dwa moun ak libèt ki endispansab yo. Li fèt pou fasilite antant, tolerans ak zanmitay fleri nan mitan tout peyi, tout kalite ras moun tout kalite relijion. Edikasyon fèt pou ede Nasyonzini travay pou mentni lapè sou tè a.
Manman ak papa premye moun ki gen dwa desisde ki kalite edikasyon yo ta renmen pitit yo resevwa.

Atik 27
Se dwa chak moun pou li deside patisipe nan aktivite kiltirel kominote a, jwi nan sa atis ak atizan ka ofri. Se benefisye tou nan avantaj aktivite sa yo pote

Chak moun gen dwa defann enterè lalwa rekonèt li genyen ak lòt avantaj vizib ki sòti nan nenpòt ki aktivite lasyans osisnon travay atis ak entèleksyèl kap ekri liv

Atik 28

Se dwa chak moun pou li fè presyon sou lasosyete, ni nan peyi li, ni nan lòt peyi, pou lasosyete ranje zafè yo yon fason, dekwa pou dwa ak libète y ap pale nan deklarasyon dwa moun sa a, ka reyalize tout bon vre

Atik 29
Chak kretyen vivan genyen yon seri obligasyon anvè kominote l ap viv la. Paske kominote a se sèl kote li kapab alèz pou li devlope pèsonalite li tout bon vre

Lè yon mou nap egzèse dwa ak libète li, li pa fèt pou gen lòt limit pase sa lalwa fikse, pou anpeche moun nan pilonnen dwa lòt moun epi pou fè li obeyi tout prensip ki la pou fè respekte lalwa, respekte lòd piblik epi respekte byennèz lòt moun nan yon sosyete kote yo pratike demokrasi
Kelkeswa sikonstans ki ta prezante, dwa ak libète sa y opa ka sèvi pou fè anyen ki nan dezakò ak vizyon epi ak prensip naysonzini yo

Atik 30
Pa gen yonn nan dispozisyon ki nan deklarasyon sa a, yo ka bay yon sans ki pou ta otorize yon nasyon, yon gwoup moun, oswa yon endividi menenn yon aktivite oswa komèt yon zak kap chèche detwi dwa ak libète ki nan deklarasyon sila a.

Edner Saint Amour

Edner Saint Amour

Futé
10 Posts
10 Posts
Messages : 18
Inscription : mardi 15 avril 2008 18:45

Re: Deklarasyon Dwa Inivèsèl dwa moun

Message par Futé » jeudi 11 novembre 2010 09:24

Nou met gade isit, nan sit Nasions Unies, yo bay Entwodiksyon ak tout atik sa a:

http://www.un.org/rights/micivih/declar ... eclacr.htm

edpoete
40 Posts
40 Posts
Messages : 47
Inscription : mercredi 29 juin 2005 16:31
Contact :

Re: Deklarasyon Dwa Inivèsèl dwa moun

Message par edpoete » jeudi 11 novembre 2010 16:41

LES DROITS DE L'HOMME PAR THOMAS PAINE

2)LA SCIENCE DE LA GRANDEUR ( PROFONDE SAGESSE
POUR FAIRE CROÎTRE MEILLEUR DE SOI PAR WALLACE D. WATTLES, AUTEUR DE BEST SELLER

Avètisman
Ti liv sa a kapab sèvi nan lekòl ak nan sant pòs alfabetizasyon. Lap pèmèt moun ki fèk aprann li yo kontinye etid yon an lekti ak ekriti. Li ka sèvi nenpòt lòt moun ki konn li deja ki vle ogmante konesans li sou zafè dwa moun.

Ilistrasyon
Deklarasyon inivèsèl dwa moun

Paj 1
Pòtre de branch bwa sa a se drapo nasyonzini. Li reprezante deviz òganizasyon an pou li travay pou fè edikasyon, pwosperite, lnyon ak lapè fleri toupatou sou tè a.

Jou ki te 10 desann 1948, asanble jeneral nasyonzini te vote epi pwoklame deklarasyon inivèsel sou dwa moun ki andedan ti liv sa a. Apre li fini fè gwo jès moun pa ka bliye sa a, asnable jeneral la te rekòmande tout peyi ki manm Nasyonzini yo, pou yo pibliye deklarasyon an epi fè moun li li, e brase lide sou li, sitou nan lekòl ak lòt kote yo fè edikasyon moun, kèlkeswa sitiyasyon politik peyi yo oswa teritwa yo.

Paj 2
Entwodiksyon

Lè nou sonje desizyon rekonèt valè chak moun genyen nan li menm menm kòm moun, desizyon rekonèt tout moun gen menm dwa egalego, dwa pèsonn pa ka wete nan men yo, desizyon sa a se veritab baz libète, veritab baz lajistis ak lapè sou tè a.
Lè nou sonje inyorans ak mepri dwa moun, konn lakòz divès move zak sovaj, zak ki revòlte konsyans mezi moun sou tè a, san nou pa bliye, pi gwo espwa nou kòm moun, se pou yon jou chak kretyen-vivan gen libète lapawòl, libèt pou li gen konviksyon pèsonel li, se pou yon jou tout moun santi yo debarase ak laperèz ak lamizè sou tè a.

Lè nou sonje nesesite pou gen yon seri regleman ki pou pwoteje dwa moun sou tè a, dekwa pou lezòm pa toujou santi yo oblije pran lezam pou delivre tèt yo naba chèf kap kraze brize, kap fè abi.

Lè nou sonje nesesite pou nou ankouraje tout nasyon tabli relasyon bon zanmitay antre yo.

Lè nou sonje nan Batistè Nasyonzini an menm, pèp peyi manm yo te retounen deklare ankò, yo gen lafwa nan dwa fondamantal chak moun, lafwa nan diyite ak valè chak kretyen vivan, lafwa nan dwa egalego pou ni fanm, ni gason

Lè nou sonje tout peyi sa yo te pran pozisyon anfavè pwogrè sosyal sou tè a, epi yo te pran desizyon pou fè tout moun sou tè a jwenn plis libète ak pi bon kondisyon pou yo viv

Lè nou sonje peyi manm yo te pran angajman, pou yo kole tèt ak Nasyonzini, pou fè respekte dwa moun ak libète ki endispansab yo, toutbon vre, toupatou sou tè.

Lè nou sonje jan li enpòtan pou tout moun soti dakò sou sa dwa ak libète sa yo vle di, pou yo ka aksepte angajman sa a nan tout sans li

Paj 3
Asanble jeneral la pwoklame :
Deklarasyon dwa moun sa a fèt pou sèvi tankou pi gwo espwa pou tout moun, nan tout nasyon sou tè a. Yap eseye reyalize li, yon fason, dekwa pou tout kretyen vivan tout enstitisyon ki fè pati lasosyete, ka pran Deklarasyon sa a kòm gid, nan jefò yap fè, pou yo sèvi ak edikasyon kòm mwayen pou fè respekte dwa ak libète, nan jefò yap fè pou yo tabli bon jan regleman, ni lakay yo ni lòt kote. Règleman sa yo sipoze enfòse, fè rekonèt epi aplike dwa ak libète ki nan deklarasyon sa a, nan mitan popilasyon tout peyi manm Nasyonzini yo, annapre nan mitan popilsasyon tout teritwa ki sou kòmandman yo.

Paj 4

10 Desanm 1948
Asanble jeneral Nasyonzini te vote epi pwoklame deklarasyon inivèsèl dwa moun.
Deklarasyon sa a se pitit lit anpil pèp sou latè. Pèp ayisyen se yonn ladan yo. Tout listwa li se listwa lit pou dwa moun. Depi nan bato negriye, nèg ap batay pou libète, jis jounen jodi a li pa sispann goumen pou dwa li. Li toujou solidè ak tout lòt pèp kap lite pou dwa yo, kit se nan Savana, kit se nan Amerik Latin, nèg Dayiti toujou kanpe kote pèp kap goumen pou dwa yo.

Nou pral bay kounye a kèk dat enpòt lan batay pèp aysisyen an pou dwa li kòm pèp e pou dwa tout moun kap viv na peyi a.

Paj 5
22 Dawou 1791 : gwo leve kanpe esklav yo
Evennman sa a, se pi gwo leve kanpe esklav kit e fèt sou la tè. Se yon kokenn temwayaj lit pèp aysisyen kont lesklavaj, kont kout baton ak lòt kalite move trètman kolon franse te konn fè yo sibi. Se premye fwa nan listwa tout peyi, esklav rive kase chenn yo, jouk yo reyisi fè yon peyi. Epitou, Ayiti se premye peyi sou latè kote moun pat gen dwa fè moun esklav. Atik 4 e 5, dwa pou moun paf è moun esklav
Jouk jounen jodi a, pèp ayisyen ap goumen san rete pou libète

Paj 6
Libète relijion
Ogou Feray : Lagè
Erzulie Freda : Lanmou

Desanm 1927 : piblikasyon liv jan Prays Mas la, Ainsi parla l’Oncle

Liv sa a chita tout revandikasyon kiltirèl pèp ayisyen an. Li egzije tout moun respekte sa zansèt yo kite pou yo nan tout sa yap fè. Se yon kookou wouj dèyè tout fòs nan sosyete a kif è tèt ansanm ak Leta pou kraze kilti ak relijion pèp la. Se yon leve kanpe pou devlopman kilti ak libète dwa pou tout moun rantre nan relijion 1987 la rekonèt dwa pou tout moun rantre nan relijion yo pito, epitou pou kreyòl la vin lang ofisyèl epyi a, menm jan ak franse. Atik 2, Tout moun se moun ak Atik 18, tout moun gen dwa sèvi Bondye yo pi pito, jan yo vle.

Paj 7

1 premier janvier 1804
Endepandans peyi Dayiti
Ak fòs kouraj yo, nèg te mete kolon yo deyò nan peyi a. Apre sa, Desalin, chèf lame endepandans la, chwazi jou ki te premye janvye pou li te pwoklame Ayisyen chèmèt chèmètrès peyi a. Depi jou sa a, nou gen yon Nasyon
Atik 15 Dwa Nasyonalite
Fòk nou kontinye kanpe pou Nasyon nou an lib tout bon vre.

Paj8
Avril 1844
Leve kanpe Akao, pou satisfaksyon dwa sosyal ak ekonomik mas popilè yo nan epyi Dayiti.
Akao, chèf lame revolisyonè peyizan nan sid yo te rele, Lame Soufrans la, lanse yon kokennchenn mobilizasyon pou mas popilè yo jwenn doktè, jwenn tè pou yo travay, elatriye. Akao te yon lidè peyizan ki te pran tèt lit peyizan sid yo nan lane 1843 pou revandike dwa sosyal yo. Gwo zouzoun yo toujou refize bay peyizan, ouvriye, chomè ak edidyan na peyi Dayiti dwa sa yo, pou yo jwenn lavi miyò
Atik 22, dwa pou tout moun viv byen
Lit pou dwa fondamantal sa yo nan tout listwa peyi a. Pèp la fèk tanmen redi pou dwa yo.

Paj9
Oktòb 1917
Nan lane 1917, peyizan nan nò te leve kanpe kont travay fòse blan meriken te mete nan tout mòn peyi Dayiti. Dapre lalwa blan yo te mete nan peyi a, chak peyizan te oblije travay sis jou lasemèn nan fè wout, san yo pa touche. Kòve sa yo te fè tout peyizan ankòlè. Ak Chalmay Peral, yo te leve kanpe ansanm pou revandike dwa yo genyen pou yo trvay lin e libè nan bon kondisyon.
Atik 23 : dwa pou travay lib e libè
Pèp la ap kontinye goumen pou pyès moun pa manje fòs kouraj li.

Paj 10
Dwa ledikasyon
Septanm 1842, Manifès Pralen : Ledikasyon, yon dwa pou tout moun
Se yonn nan gwo revandikasyon Manifès Praslen an. Manifès sa a te ranmase revandikasyon pèp ayisyen an kont fè nwè gouvènman Jan Pyè Bwaye an nan Lane 1842. Depi Lendepandans, pèp ayisyen tap lite anpil pou Leta rekonèt dwa li pou jwenn levasyon. Gouvènman anvan yo tankou Kristòf ak Petyon te fè yon jefò sou kesyon sa a. Men se nan lane 1844, premye ministè enstriksyon piblik nanpeyi a pral kreye. Dapre lalwa, Ayiti te premye peyi sou latè kote lekòl primè te gratis epi tout moun te oblije al lekòl
Atik 26 dwa levasyon
Fòk nou goumen pou alfabetizyon tout moun

Paj 1805
Piblikasyon premye konstitisyon peyi Dayiti
Konstitisyon 1805 lan se premye manman lwa pèp ayissyen bay tèt li kòm premye Nasyon lib nan amerik Latin nan. Se li kif è chak aysisyen gen dwa
Atik 17 dwa pou moun peopriyetè
Jouk jounen jodi a nan peyi Dayiti, gen moun kap goumen pou yo gen dwa yon moso tè.

1) L’Aristocratie ne se soutient que par des injustices et des tyrannies domestiques
2) Elle n’est point calquée pour donner des législateurs à une nation, ses idées d’une justice distributive sont corrompues dès sa source. Elle foule aux pieds ses cadets, ses sœurs et ses parents de toute espèce, et une éducation conforme à ses principes
3) L’idée de législateurs héréditaires est aussi absurde que celle de juges héréditaires ou de jurés héréditaires, aussi insensés que celle d’un mathématicien héréditaire ou d’un philosophe héréditaire, et aussi ridicule que celle d’un poète lyrique héréditaire.
4) Un corps d’hommes n’étant responsable à personne, ne doit avoir la confiance de personne.
5) C’est continuer dans les principes barbares des gouvernements fondés sur les conquêtes et dans l’idée avilissante que l’homme est la propriété d’un autre homme, et qu’il le gouverne par un droit personnel
6) L’aristocratie tend à faire dégénérer l’espèce humaine lorsqu’elle est réduite à un petit nombre de personnes séparées de la tige commune
7) L’aristocratie détruit même la fin de son établissements et devient avec le temps l’opposé de tout ce qui est noble dans l’homme
8) Les plus grands hommes que la nature ait produits sont sortis du sein de la démocratie. L’Aristocratie n’a jamais pu aller de pair avec la démocratie.
Edner Saint Amour

Edner Saint Amour

1)LES DROITS DE L'HOMME PAR THOMAS PAINE

2)LA SCIENCE DE LA GRANDEUR ( PROFONDE SAGESSE
POUR FAIRE CROÎTRE MEILLEUR DE SOI PAR WALLACE D. WATTLES, AUTEUR DE BEST SELLER
Edner Saint Amour

--- En date de : Jeu, 21.10.10, Vedrine, E. <evedrine@hotmail.com> a écrit :

De : Vedrine, E. <evedrine@hotmail.com>
Objet : RE: Rép. : Superstitions in Haitian Culture
À : edpoete@yahoo.ca
Date: jeudi 21 octobre 2010 19 h 29

Mwen kontan wou voye referans sa ban mwen. Pa gen pAn! Mwen enterese nan sijè sa a, pou pwop rezon pa mwen. Donk ou pral fE plis rechEch sou sa Yon sijè ki se yon kansè an ayiti dapre sa mwen konstate ak de grenn je mwen. Moun yo touye boule pou lougarou nan Ench, ak moun kap chèche fè mwen mal Bon, sa m konnen sEke "Ayiti piti, men l pa pitimi". Mwen te ayiti, Yo vòlè twa fèy nan kanè telelefòn mwen, yo koupe moso nan chemiz nwa mwen, yo vòlè foto mwen nan Ench Siman yo ta pral vann ou, Yo vòlè tout kanè telefòn mwen kwadèboukè, yo vòlè batistè mwen yo kab sEvi ak batistE a pou bay /vann yon moun /fE maji ak li. Mwen jwenn moun ki di mwen, tout sa se pa yon aksidan Mwen menm konnen yon aksidan kamyon ki te fEt kote youn nan mO yo te gen yon batistE yon moun mwen konnen ke yo jwenn nan perik manmzEl; donk pa panse Ayiti piti jan w panse; pwOp dezyEm kouzen m di m nan figi m (lE m te genlaj uit ane konsa) ke l ta vann mwen tEl kote jis mwen te yon kont ak yon timoun ki rete ak li; mwen leve ozalantou PERESTIL an deyO donk bagay yo jwEt, gen reyalite ladan to tou; men papa m pa t yon nonm konsa konsa; yo vann li men yo pa t fouti achte l, nan fetich yo fE pye l kase pandan l te sou yon cheval; kilEs ki te dEyE tout sa? Tonton l. Ayiti piti men l pa pitimi, men se yo ale fè fetich dèyè mwen, yon nonm ki pa janm fè moun mal Ayiti pa yon peyi kote on nonm ka rete senp konsa; y ap manje epi y ap dijere w tou; ou bije pote kanson w nan tay ou. Se pou sa mwen toujou mete chemiz nwa yo koupe ya, mwen toujou ekpoze foto mwen pou montre yo mwen pa pè yo. Bon, depi on nonm gen chita; pa gen pwoblEm, men se mete gason sou epi fE respE w an menm tan pou pa pile si w te konnen Pa gen maji sipèstisyon san pa gen yon tyès moun pou fè operasyon mal la Chak kote regle koze yo jan pa yo; prensip la: pa fE mal pou mal pou tounen dEyE w. Toujou genyen yon souflantchou kap travay sou teren pou fòs mal Li tout kote nou pase, nan tout travay n ap fE, toujou gen yon machwE won ki ka ban n pwoblEm. Mwen vle fè yon liv sou sa menm pou prouve yo ke mwen pa pè Pa pE se youn /fE respE w tou se yon lOt pase Jan chache Jan twouve. M sonje lE kouzen m nan di li ta vann mwen, msye te jis ap chache yon mo nan bouch mwen kote m ta joure w; malerezman, m pa t anyen epi m male ale; manman l se manbo, tout frE yo se ounsi... donk yo pa konsa konsa, men yo tout disparEt jounen jodiya Gras a Dye m fEk kare ekri; donk toujou chEche mwayen pou pa antO pase menm moun k ap fE mal la, fOk li rive jwenn yon tO lakay ou, kòm moun ki kwè nan syans syans natirEl pa egal syans okil; pa twonpe w. Monchè mwen swete bòn chans sou liv sa a jis sou entEnEt la mwen layite koze sa yo pou plis rechEch sou kilti ayisyen, map chèche genyen li pou dokimantasyon Si w enterese ekri yon liv sou SIPETISYON, fo w fE anpil entEvyou pase w pa pral jwenn tout koze ekri sou sa; entEvyou ougan tou (anpil ladan yo se blofE k ap fE lajan men se pa ougan ginen yo ye tout bon). Mwen ta renmen fè yon liv relije sou vodou ki ta oryente sou sajès fE rechEch sou sa pou konn kisa ki egziste deja, al fE entEvyou pou analize, mwen anpil ayisyen plis enterese ak mal ak lajan pou vin rich sa se ACHTE PWEN; depi se pwen achte, se baka ki pral manje tout ras ou. Pi gwo richEch la, se Bondye ki bay li: LAVI (LASANTE) epi l gratis tou; kounyeya, se kisa nou menm nou fE ak lavi (lasante) Bondye ban nou? Eske nou konn enpotans li. alòs ke mwen ap chèche fratènite, konfyans, amoni nan moderasyon pou goute moso bonè ak yon meyè sosyete W ap reve yon sosyete PLATONIK pou Ayiti gen lE. Liv sa ap pran mwen omwens 5 an pou fini li depan de metod rechEch ou (kijan w ranmase enfOmasyon sou sa). Mwen koumanse deja piti piti enben, zwazo a ap fE nich li. T`rò prese pa fè jou louvri e se sa f "mize nan wout pot bon nouvEl". Ayibobo Se vre wi! EV-
Edner Saint Amour

Edner Saint Amour

Edner Saint Amour
Edner Saint Amour

kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 153
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: Deklarasyon Dwa Inivèsèl dwa moun

Message par kenn » dimanche 21 novembre 2010 18:06

Ed poete, sa se yon gro travay ki te neseser e sa raple mwen yon dikton a granmoun ki konn di : " pa konnen pa ka al nan justis"
KENN

Répondre