fyèl anmè

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

fyèl anmè

Message par kelita »

Anba latè
Yon fay nou pat wè
Mete-l an kôlè
Eklate ak fòs gwo jou klè
Sow tande!
Kretyen vivan degrennen tankou vè tè

Yon gwo van ak lapli
Yon ouragan, yon tònad
Lanati bwèn tankou limonad
Nou se pèleren, nou se nomad
Nap kimen nan soley cho, nap penpennen
Ekzistans nou se lafimen
Lafimen kawotyou kap boule
Dlo sal nan rigòl kap koule
Dlo epidemi, vye dlo maladi
San nou kontamine, nou enfekte
Yo pè ba nou lamen
Nou frape, pòt fwontyè kay vwazen fèmen
Paske-n vomi fyèl nou
Dyare fè-n rann tout dlo nan kò nou
Ekzistans nou anpwazonnen
Lajounen-n tounen lannwit
Lannwit nou tounen lajounen
Lavi ap jwe yon jwèt ak nou
Yon jwèt marèl
Yon jwèt ki mande fyèl
Dlo-n bwè tounen pwazon pou nou
Yon pwazon ki koupe bout pa bout kòd trip nou
Efase-n, elimine-n sou latè
Tankou kout zèklè
Kilè na jwenn manje pou-n manje
Pou vant nou plen
Bon jan dlo pou-n bwè
Pou-n sispann vale fyèl anmè ?
Répondre