Latè pè
Li pran tranble
moun mouri
Nan fòs komin yo ale
yon paket lòt anba dekonm yo rete
Prizonye sove
anba lavil bal sou dekonm ap tire
Lapolis depase!
Anwo, anba veye!
Ak ki je?
de je klere pete
Palè nasyonal kraze
drapo a sot tonbe
Palmantè fè bèk atè
Blan je vèt pwofitè
32 paj, eske se lizaj?
Plan dijans
36 mwa pou fè dilijans
komisyon plis blan
mwens nwa
eske gen kowòm?
nou bwè pwa
yon pwa si
nou gonfle
Anba tant nèg ak nègès
pa pakèt ap bwote
sak diri al sere
gwo soley cho
sou li yap wonfle, yap reve
ki lè kat ap distribiye
pou zam rale
gagannen ti malerèz
ki pa ka fè fòs kote
deplase mas pèp
destinasyon koray
nou toujou sou menas
nou toujou anba fay
e talè-n menase anba
lapli, zèklè, loray
rekonstwi! remete Ayiti sou de pye! rebati-l!
Podyab ti peyi!
tranbleman tè plis kokobe
tankou pitit li, li sou beki
tout kò-l se pansman
agòch, adwat li nan touman
Pòv ki vinn rich
pòv ki vinn pi pòv
rich ki vinn pòv
rich ki vinn pi rich
kanari kenbe pi plis
paske-l pa krich
ti nèg tounen Buron
tann lajan sou glasi
fèl pran solèy pou-l pa pouri
san te plante
se pa sa nou rekòlte
san te panse
se pa janm sa ki rive
rèv nou te reve
se pa li nou wè, lè kou-l jou solèy leve
se gade-n gade
nou wè flè bonè-n
byen bwòdè tache
Nan kòlèt san zave
Se tout bon vre
NOU ANTRAVE!