Page 1 sur 1

Kembe drèt doubout nan mitan move tan

Publié : mardi 02 février 2010 19:16
par kenn
Kembe drèt doubout nan mitan move tan
pa rantre amba kapasite chak moun

Kampe doudout douvan frontier a peyi san chapo
pa tout moun ki prepare pou sa

Reziste amba debri nan fè nwè pandan yonn, 2, 3 jour
Reziste amba grangou, swèf nan fè nwè pandan yonn, 2 semèn
sa se mision a ero sa ye


Lè ou ava vle konnet yon ero, chonje ou plen nan peyi a w'
Yo fin moutre kouraj ki ka enspire nou
Yo fin ofri yon rezistans ki pou apwann nou


Kembe drèt doubout nan mitan move tan
pa rantre amba volonte chak moun

Kampe doudout nan ape reziste douvan envitasion san frontier a peyi san chapo
pa tout moun ki kapab goumen kon kong kont sa

Eroism pa annik nan desen anime
I nan trip chak grenn moun ki ape briga
pou vwè si yo t'a vwè demen


Wou, ki te amba bann debri, ki kombat pou vi a wou rete
ou gandwa pa janme gen non a w' enskri pies kote
me pou sa ki gen memwè, ou se yon ero aktuel, pa yon fek

Ou ramporte meday dore sou tèt peyi san chapo, ki koure ale kite w'
Ou moutre ke rezistans pou viv la kapab moute pi ro pase lot la
Ou se yon examp a fors bondieu mete nan moun ki amba abjektans


ba moun ki te prizonie amba debri tramblad ter a 12 janvie 2010 la
Aux survivants des décombres du tremblement de terre du 12 janvier 2010