Page 1 sur 1

yon rel yon plenyen

Publié : lundi 01 février 2010 17:37
par kelita
12 janvye 2010
yon rel yon pleyen
5 e mwens set
la nati chavire sout tet
Haiti en dey
peyi a sonbre
tout moun pran rele
timoun. granmoun, jen moun, ti bebe
youn pa epanye
Bondye fache
li frape pye
trop mechanste
trop injistis
trop pale mete la
se pa sa li te vle
men se sa ki rive
pesonn pat avise
pesonn pat konnen
Bondye sel ki te konnen
men li pa di nou anyen
nou tro inkredil
nou tro inbesil
nou pa konn le poun pale
nou pa konn le pou nou pe
Bondye toujou pe
E le lap pale
Li pa pran dikte nan men pesonn

Anba tout kout rel kout anmwe
Bondye tande
ti pep la kap rele
men sa te dwe rive
fon pran konsyans
poun pa di ke se nou sel pep ki pa gen chans
o kontre nou dwe leve kanpe doubout
poun kontinye lite
malgre rel. vant mennen
malgre dlo nan je plenyen
Paske nou se pitit Bondye
se li ki kreye
pou tout sa ki pati ale
nap di paran yo kouraj pa kriye
pou tout sa ki rete
nap di yo kenbe fem pa lage
ak fos Bondye sou chimen an kanmenm fon rive

Mikelita Jean

Re: yon rel yon plenyen

Publié : mardi 02 février 2010 09:02
par Futé
M kontan anpil li ou, Mikelita, youn lot fwa isit. Sa fe byen konnin ou toujou la, kouliea apre tou katastrof sa a, M te panse souvan ki jan ou ye... Ki jan nou ye? Gras a Die, ou toujou la.

Kenbe l!

Re: yon rel yon plenyen

Publié : lundi 29 mars 2010 16:35
par kelita
mwen kontan anpil ou li mwen futé e mwen di ou ke avek Bondye n'ap kenbe e malgre tout bagay peyi a la. Mèsi anpil

Re: yon rel yon plenyen

Publié : mardi 30 mars 2010 07:11
par Futé
kelita a écrit :mwen kontan anpil ou li mwen futé e mwen di ou ke avek Bondye n'ap kenbe e malgre tout bagay peyi a la. Mèsi anpil
Bravo, chapeau, -- nou swete nou kuraj anpil.

Kenbe l!

Re: yon rel yon plenyen

Publié : dimanche 03 octobre 2010 23:09
par ptitemariam
bon travay. mwen dakò ak tout bagay.