Nou fin blayi, me nou leve doubout

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Nou fin blayi, me nou leve doubout

Message par kenn »

Nou fin blayi, me nou leve doubout

Nou ape krie, manman !
Nou ape krie, papa !
Nou p'ape fè sa pour trop tan, me nou oblije!


Nou ape krie, frè !
Nou ape krie, sèu !
Nou ape krie, kouzen !
Nou ape krie, kouzin !
Si te gen yon mwayen pou nou pa te krie, ala kontan nou t'a kontan!


Nou ape krie, tonton!
Nou ape krie, tant!
Nou ape krie, granpapa!
nou ape krie, grann!
Nou pa sav chwazi ki mal ki pou blayi sou nou, ni ki bien ki pou blayi sou nou!

Nou ape krie, zanmi!
Nou ape krie, vwezen!
Nou ape krie pour peyi a nou ki te sou beki, ki sou chèz a roulèt, me ki pwal sou 2 pie militer, talèr!

Nou ape krie, bann vivan !
Nou ape krie, bann mor!
Nou ape krie, sa ki pô kô fet!
Nou promet zot ke nou ape trouse manch a chimiz a nou, n'ap moute kanson n' pi djanm
pour nou ka travay ba sa ki pô kô fet ek sa ki pa peri, sou 12 janvie 2010, yon haiti cheri!


Nou fin blayi, me nou leve doubout.
KENN
Répondre