Page 1 sur 1

Si'n te konnen

Publié : mercredi 21 octobre 2009 20:00
par kelita
Tan pase, tan ale
Ki pa’p janm tounen
Si’n te konnen!
Tan ayè pa tan jodi
Chak jou lavi’a vin’n pi di
Si’n te konnen!
Aaaaaaaay! Si’n te konnen frè
Nou ta pran tan’n ranmase tout sa ki bon
Trye, voye jete tout sa ki pa bon
Nou ta konstwi demen nan pi bon kondisyon
Pou sa ka’p vin’n dèyè
Rive wè bagay yo pi klè
Nou ta korije nan tan prezan
Tout erè nou te komèt
San gade, san reflechi nan tan pase
Avni nou
Avni peyi nou
Avni pitit nou ta pi bèl
Sa ki toujou pou nou anmè kou fyèl
Ta vini pou nou san redi dous tankou siwo myèl
Men elas, Si nou te konnen!

Si nou te ka anvan menm nou wè’l
Kon’n sa demen pote
Nou tout ta tounen majisyen
Ak bagèt nan men
Nou ta transfòme nan de minit twa segon’n
Tout sa ki ta ka tounen kochma pou demen’n
Tout sa ki ta ka tounen pikan kwenna sou chimen’n
Nou ta devye tout vye plan
Nou ta transfòme lavi’a yon lòt jan
Yon jan ki pi bon pou nou
Jan nou wè’l
Jan nou vle fè’l
Jan nou apresye’l pou’n fè’l
Nou ta tounen pwòp atizan lavi nou
Nou ta pentire’l jan nou vle
Ba’l koulè nou vle, chema nou apresye
Chak jou nou ta viv ere
Pran plezi, jwi lavi, manje, bwè, sa nou vle
Leve, dòmi, reve jan nou vle
Al kote nou vle san papye, san paspò, san rezidans
Pa ta gen fwontyè pou’n pa travèse
Nou se sitwayen di mon’n!
Ak pèsonn nou pa ta gen kont a ran’n
Men, si nou te konnen!

Si nou te kon’n demen!
Si nou te kon’n sekrè lavi!
Si nou te kon’n sa demen pote nan dyakout li
Ayayay zanmi!
Nou ta manyè reflechi
Pou se pa tout bagay, tout tintin pou’n bay enpòtans
Nou ta apran’n pran chans nou
Men podyab!
Nou mare kon ban’n krab
Krab areyen
Krab mazaren
Krab nan tou sab
Youn ap fè lòt labab

Ou wè malè
Wap rale kò’ou dèyè
Anverite, nou tout fout koupab!
Nan fòse resite alfabè
Pale franse nou bèbè
Nou bliye konsòn, nou bliye vwayèl
Se kòmkidire anyen’n pat aprann
Anyen’n pat konnen
Nan peyi alfabè ap taye banda
Ti Malis pèdi tèt li
Bouki yon nonm san konpran’n, san entèlijans
Pèdi tout kontwòl lespri’l
Konsa, li rete nan istwa nou
Yon nonm ki pa vo anyen
Men, si nou te konnen!

Si nou te konnen
Anvan nale nan mache
Nou ta kontwole byen tout sa nou bezwen
Nou ta apran’n ekonomize yon adoken pou demen
Se domaj, nou pa konn anyen!
Se fè frekan, pale angran epi anyen, anyen nou pa konnen!

Lavi’a se yon lekòl
Se pa chita plen bò’l!
Se eksperyans ki bay ekzistans nou yon sans
An’n apran’n gade devan
Olye nou chita ap gade dèyè
An’n apran’n konnen
Pou demen ‘n pa di
si’n te konnen!



Mikelita jean
www.mespoèmes.net/miracullus4560virgin