Nwèl An Ayiti
Publié : mercredi 24 décembre 2008 19:57
Nwèl an ayiti
gen lontan sa manke vi
Tout sa ki te konn fè kè kontan blayi nan figi
Bat je anba gwo van tanpèt ak siklòn pran chimen pati
Lage peyia sou bouda
lage ti pèp la an degraba
Li pa fouti manje yon bon mayi ak pwa
Soufrans, mizè ak desepsyon fèl bwè pwa
Pou reziste anba grangou li blije koupe bwa
Nwèl an Ayiti gen lontan nou pa fete
Lè nou gade byen nan ki ete peyi a ye
Timoun granmoun pa sispann kriye
Tankou dlo larivyè san pa sispann koule
Nou pa sispann kontre sou chimenn ak devenn kòde
Nwèl an Ayiti se tristès ak lapenn
Yon bann moun ap soufri sa bay kè plenn
lavni peyia mare de pye l nan chenn
sou po da malere ak malerèz lamizè detenn
Yon jenès kap pran baf
pou l bliye li blije rale de kout paf
pou l ka kalme grangou li antre nan konkou saf
Lap bwè tout vye dlo telman l swaf
Nwèl an Ayiti
Gen lontan yon bon bout tan sa pa fete
Gen lontan tout koulè, lodè lespwa ak lajwa efase
Nan tout kay, tout kalfou, tout kwen, tout koridò limyè etenn fè nwa moun pa sikile
Nwèl an Ayiti
Gen lontan reveyon pa fèt pa bò isi
Gen lontan sa manke vi
men malgre tou ti jezi fèt lap vini
Paske se yon misyon chak ane li vinn akonpli
Nenpòt jan sa ye ak kouray ak sa nou genyen nap tann ni
Ak de bra nou louvri ak yon ti souri nap resevwa li
E nou seten yon jou kou jodi
Ak zetwal li kap klere wout la mizè n kalamite n va fini
Je souhaite a tous les membres et administrateurs de ce site un joyeux Nopel et une bonne année 2009 que le Dieu de l'infini vous garde et vous benisse