BARAK OBAMA

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 142
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

BARAK OBAMA

Message par kelita »

Si ti Jezi te nwa
Mwen ta di li sanble ak barak Obama
Paske zetwal yo briye menm jan
Paske yo toulede fèt menm moman
zetwal yo briye nan yon menm syèl
Yo toulede fèt ak nan do yo de zèl
Pou vole byen wo nan nyaj yo
pou vole byen wo nan lanati bò kote ti zwazo yo

Ti jezi fèt nan mizè epi li se wa
Barak Obama fèt tou pòv nan peyi dola se menm bagay la
Yon gwo zetwal briye, wa maj yo wèl jouk an Oryan
Yon ti jèm tonbe nan vant yon fanm se pitit yon Kenyan
Ti jezi se wa se yon pwofèt sèl grenn pitit Bondye
Barak Obama se yon moun tankou tout moun pitit yon kreyati bondye
Jezi te vinn sou latè ranpli yon misyon
Barak Obama pote lespwa satisfaksyon pou tout yon pèp, yon nasyon

Yon pèp, yon nasyon nan mond sa ki se nwa
Yon pèp, yon nasyon nan mond sa yo toujou mete apa
Yon pèp, yon nasyon, yon koulè ke yo pa vle wè
Yon pèp, yon nasyon depi lemond ekziste yap toupizi fèl pa wè menm lè lalin klè
Yon pèp, yon nasyon yo bay tout vye chay pote
Yon pèp, yon nasyon yo pa bay valè menm lè lap ede

Si ti jezi te nwa
Mwen ta di li sanble ak Barak Obama
Men, lèm gade byen, lèm reflechi
Bondye pa gen koulè, li se kreyatè tout pèp li se mèt lavi
Nan li pa gen ni blan, ni vèt, ni jòn, ni nwa

Ti jezi se pwofèt, li se wa
Li vini li fèt pou tout pèp san l koule sou lakoua
Barak Obama se nwa, se prezidan tout moun kelkeswa koulè po a


Mikelita jean/mikepoemes
Futé
10 Posts
10 Posts
Messages : 18
Inscription : mardi 15 avril 2008 18:45

Re: BARAK OBAMA

Message par Futé »

Honè Mikelita, honè kelita
(m pa konnen ki sou de ou prefere),

Mesi anpil pou poèm sa a, m rinmin li, m rinmin l tou ak lot poèm ou a. Men mwen pa rinmin ou konpare Barak Obama ak Ti Jezi. M kwè, mwen ta di konparezon sa a se etranj, etranj anpil, absoud! Sepedan m komprann aysien yo manke kenbe de moun sa a tankou lespwa tou pwoblem rezoud.

Kanbe l, m pral tann plis poèm ou!

:)
Futé
Répondre