yon lòt lanne, yon lòt tandans
Publié : mardi 15 janvier 2008 18:39
se avèk anpil plezi map di nou bòn ane sou sit Potomitan an, sit sa ki la pou fè pwomosyon lang kreyòl la ke anpil lòt pèp pale, lang ke nou renmen anpil la, lang nap goumen ak kouray ak swè pou nou fè rive byen lwen, poun monte drapo diyite'l pi wo.
Mwen swete ke ane sa nou batay pi plis toujou pou grosi lang sa, ankadre'l mete plis eleman enpòtan ladan'l pou pèmèt lòt moun ki pa konnen'l konprann ni renmen'l apresye'l ak tout sa ki bon ladan'l.
Yon lanne ale, yon lòt vini ann swete chanjman nan lang la e travay plis pou li vanse pi wo.
Mwen di nou bòn ane, bon travay kenbe la pa lage.