yon lang ki ini nou

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 143
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

yon lang ki ini nou

Message par kelita »

yo toujou di kilti yon pèp se sa ki fè fos li,se li minm ki idantifye'l. Yon pèp kapab idantifye'l tou nan fason youn ak lot yo kominike. Gen divès mannyè ou ka kominike, men sa ki pi enpotan nan kominikasyon se lang moun yo pale kidonk, lang se yon gwo enstriman ke yon pèp genyen pou li kominike sa'l santi , sa'l panse, fè pase revandikasyon'l. Chak peyi gen lang pa yo men nou menm ayisyen nou pale kreyòl se lang manman nou se lang papa nou, nou fèt, nou leve, nou grandi nou jwenn se lang sa yo pale ak nou.

Daprè konstitisyon ayisyèn nan, nou gen de lang ofisyèl, se kreyòl ak franse men majorite ayisyen se kreyòl yo pale, yon lang sou tan la koloni esklav yo te itilize pou ansanm yo te kominike.

Lang sa te sèvi yon bon jan zouti ki te pèmèt youn rive konprann lòt malgre yo pat soti nan menm tribi lè blan te depòte yo sou tè kote yo te fèt la e l♪8 pou yo te mete yon fin ak move tretman yo tap sibi se eleman enpòtan sa yo te itilize pou fè lit pou endepandans la rive jis nan dènye bout. Jodia, zansèt nou yo pa la men yo kite pou nou yon pakèt ekzanp ke nou pa rive swiv malerezman, yo fè nou kado apre Dye yon peyi, yon drapo, yon lang.

Yon lang ki ini nou
Yon lang ki soude nou kòt a kòt
Yon lang ki se deviz nou
menm jan tout nasyon fyè lè yap pale lang pa yo, nou menm ayisyen nou dwe fyè de lang pa nou. tou kom nou konnen, kreyòl pa selman pale an Ayiti, gen lòt peyi nan Karayib la tou ki pale kreyol e nan anpil lòt kote nan mond lan tou, chak kote sa yo gen yon jan yo pale'l andedan Ayiti tou gen de vil nan pwovens nou yo abitan yo pa pale kreyol la menm jan ak moun ki lavil pòtoprens, men youn ka rive konprann lòt kidonk si nou rive mete tèt nou ansanm pou nou fè yon sèl, si nou fè yon chèn solidarite tout bon vre, nou rive ini nou ozalantou de lang sa e byen na'p pi fyè toujou de sa nou ye, de sa nou reprezante nan mond sa kòm pèp, kòm nasyon, premye pèp nwa endepandan.

Pandan ke lòt pèp, lòt nasyon ki pale sa ap mete men nan pat la pou pèmèt ke lang kreyòl la respekte, pale akeyi avèk diyite tout kote dayè, anpil ayisyen deja fèl e se yon bèl bagay pou peyi a e se pou sa kontinye pou drapo kreyòl la monte byen wo nan kat kwen di mond ak nan tout zile.
kenn
100 Posts
100 Posts
Messages : 155
Inscription : mardi 10 avril 2007 17:01
Localisation : CANADA

Re: yon lang ki ini nou

Message par kenn »

Na pwen pies dout
se li ki uni nou.

Na pwen pies dout
san li nou pa ka uni.

Me ki sa nou ape fè
avè y ?

Mwen, mon kwè se pou nou travay li!
KENN
Répondre