Koze pwezi

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 142
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

Koze pwezi

Message par kelita »

Nan sa ki gen rapò ak pwezi jan nou di li, pa gen ni diferans koulè, sèks, peyi, sitiyasyon sosyal, se yon kouran ki pote nou tout pèp kap viv sou latè fè youn.

nou fè younn, nan yon sèl intensyon, nou pran menm direksyon, nou pataje menem pasyon, menm aspirasyon, nou ka tou gen menm opinyon sou yon bagay konsa tou nou ka wèl chakinn yon lòt jan men sa pa anpeche ke nou viv ak lòt ,kominike ak lòt nan yon langaj kote youn komprann lòt, nou eksprime doulè nou, chagrin nou, kè kontan nou nan yon menm lang ki se kreyòl lang manman nou lang papa nou e pwezi a fèl pi byen toujou rann ni pi aksesib ak lòt yo ki pap viv pre nou men yo se nou, nou se yo e se sa ki fè fòs nou

Mwen pap janm bouke felisite nou pou bèl travay sa ke nape fè a

Mikelita Jean
http://www.mespoemes.net/miracullus4560virgin
kounta
Moderator
Moderator
Messages : 75
Inscription : lundi 19 février 2007 03:50
Localisation : Lakarayib

Message par kounta »

Lè ou ka matjé pwèm sé tout nanm ou, sé tout sans ou, sé tout zantray ou ka palé. Ou ka rivé fè moun pléré, réfléchi padavwa ou ka sèvi mo kon an èspésyalis, ou ka fè mo roulé kon an jonglè. Pwézi sé an miwa nanm. Tou sa ka fè'w soufè, ka rann ou djé, ka fè'w faché, kisasayésa, ou ka mété asou papyé men lè ou ka résité'y, sé an dousè , an wouspèl pou zorèy ou.
Pwèm sé an bèl bagay, é an médikaman pou tout kò'w. Sé an mawonaj pou lèspri'w
Fout an pwèm lanmou dous kon siwo !
Répondre