yon dezyèm tou

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 144
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

yon dezyèm tou

Message par kelita »

yon lòt fwa nou konvoke
pou yon dezyèm tou
Al chwazi yon moun
pou ki mennen bak peyi nou
Nou se sitwayen, nou se ayisyen
Ak kat nou nan men nou
Byen bonè nou pral vote
Nou espere magouy la pa p pase fwa sa
Nou va jwenn non nou afiche nan biwo a
Nou va jwenn li ekri nwa sou blan nan rejis la

Ak kat nou nan men n yon lòt fwa
Pa gen manti nan sa
Nou pral bay leson demokrasi a
Ak yo nou pral jwe jwèt demokratik la
Sou teren an nou pral woule boul la
San kache men voye wòch
Nou pral jwe jwèt la

Nou se abit
Nou pare pou nou bay kat jòn
Ak tout sa ka p fè fot nan jwèt la
Nou pare pou nou bay kat wouj
Ak tout sa ka p fè bosal sou teren an

Nou se avan, nou se aryè
Nou se avann sant
Nou se libero
Nou se atakan
Nou se defensè
Nou se aktè
Se nou ki nan wonn sant lan
Ka p santre balon an
Yo gen lè bliye ke se pèp ki bay pouvwa
Depi tan ke yo la!
Yo pa janm bay anyen nan jwèt la
Yon bann politisyen tradisyonèl
Yon bann pati politik komokyèl
Yon politik agawou pete fyèl

Ak kat nou nan men n
Ankò yon lòt fwa
Devan tout kamera
Sou tout ekran, sou tout teritwa
Nou pral vote, nou pral bay leson
Ak tout sa depi lontan ka p betize
Yo di n analfabèt
Men se moun nou ye nou pa bèt

yo lage n nan mande charite
Fè n toujou gen yon kwi nan menn pou na p mande
pran desepsyon devan pòt sa yo nou te konn ede
Ede yo sòti nan lesklavaj
pou yo antre sou chimen libète
Se twòp atò nou fout bouke!!!
Bouke pran kalòt marasa
Anba men san zave

Yon bann lenmi la patri
Ki toujou pran pòz yo renmen pèp
Yap batay pou peyi
Yo konvoke n, nou fatige se vre
Men se destine peyi n ki an danje
Ebyen pa gen pwoblèm
Nou prèt pou n ale

Atansyon kandida!!!
Ka p mache pasi pala bay lespwa
Lespwa n toujou bwè pwa
Peyi a pa janm sòti nan mizè l ye a
Atansyon kandida!!!
Ka p mache di l pral fè si, li pral fè sa
Nou pa soud, nou pa avèg
Ak gras Bondye nou ka wè
Depi soley leve, lalin klere, zetwal briye
Nou ka wè klè!
Nou ka pale, di sa nou vle ak Bondye nou pa bèkèkè

Nou se sitwayen, nou se ayisyen
Na sòti toupatou
Sou tout bitasyon, nan tout lakou
Nan tout kalfou
Nan tout ri
Nan tout riyèl
Ak kat nou nan men nou
Byen bonè
Na pran wout pè letènèl trase
pou na l jwe jwèt la
jwèt demokratik la

Nou espere fwa sa
Na jwenn non nou afiche nan biwo a
Na jwenn li ekri nwa sou blan nan rejis la

Atansyon kandida!!!
Pa gen jwèt nan jwèt sa
Nou pare pou n bat kat la
Pa gen betize sou teren sa
Sonje byen nou se abit
Mwenn erè ki pase
Se kat na p bay.
Répondre