PA KRITIKE’M, PA ENNÈVE’M

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
PEPSI
100 Posts
100 Posts
Messages : 148
Inscription : mardi 08 mars 2011 00:08
Localisation : Florida, USA
Contact :

PA KRITIKE’M, PA ENNÈVE’M

Message par PEPSI »

PA KRITIKE’M, PA ENNÈVE’M

PA KRITIKE’M, PA ENÈVE’M

Pa kritike’m !
Nou tout ap chache sa nou bezwen.
Pa ennève’m !
Nou tout ap lite pou sa nou pa genyen.

W’ap chache pouvwa ak glwa
M’ap etidye pou bon savwa.
W’ap travay pou yon kay,
Pou yon maryay, mwen menm ap batay.
Ou renmen bel bijou,
Mwen vle yon chouchou.
Ou toujou nan Mòl ,
Mwen fou pou foutbòl.

Kite’m anpè.
Pa ba’m chalè.
Di’m Kote’w sòti,
M’ap di’w sa’w ou pa di.
Gade lè’w !
Ti sekrè’w sere nan kè’w.
Ou dèyè fè m pale,
Pou w al pibliye
Tout sak nan Vi’m
Ak fo zanmi’m .

Pa kritike’m.
Pa ennève’m
Sispan’n viv nan rèv.
Nou tout gen zanno kay òfèv
Nou tout ap fè efò.
Lakay pa miyò.
Ann mache devan
Poun rive ak kè kontan

Pa kritike’m ! Pa ennève’m !
[/
b]
Je ne vise personne en particulier

Mes écrits sont un champ de loisirs.
Chaque lecteur trouvera son coin de plaisir.
Ma plume est à la fois Douce et Amère ;
Elle rend la pensée légère
A tous ceux dont le cœur
Trime à exposer sa splendeur.
Répondre