1e me, fèt agrikilti ak travay
Agrikilti, nou nan manti!
Travay, a la pasay!
Yon bann
Yon pakèt
Yon makòn
Jèn fanm
Jèn gason
lage de bra pandye
Kanpe anba galri
ap bay blag
Jwe kat, jwe zo
griyen dan san rete
fimen krak
fimen pay
rezilta, pa gen travay
Majorite pèp la nan chomay
Pa gen devlopman
Pa gen sitwayen konsekan
Pa gen volonte
Pa gen kran
Lamizè krake ti nèg nwè
Pa gen fòs, pa gen anndan
Pa gen pèsonn ki gen yon plan
Yon plan pou edike
Klere je sa-k nan fè nwa
Yon plan pou travay latè
sekle, raboure, plante
Fè manje pouse
Jan zansèt yo te aprann nou sa
Pou Ayiti reprann fòs li
Pou-l sispann lonje kwi li
bay zòt lè la'l frape pòt li
Ki pa janm gen respè pou li
Yon plan pou rebwaze tout bon vre
Yon plan pou ede peyizan yo plante
Nan ba yo bon jan zouti
Pou agrikilti fleri
Toupatou nan mòn, nan plèn, nan tout vale
Kote depi lapli tonbe
Tè a degringole pote bwote ale
Nan fon lanmè
Tout sa ak bout zong
Nou te travay redi fè
Yon plan ki ka akouche chanjman!
Chanjman mantalite
Chanjman vizyon
Chanjman misyon
Chanjman aksyon
Nou bouke, wi nou bouke!
fete, rele, manifeste, revandike
Epi anyen, anyen menm pa janm chanje
Nou chita la ap pwopoze plan
Ekri plan, fè pwojeksyon plan
Epi sou pla-n ye!
Nou pa ka manje
Tout lajounen na-p mouri ak vant kòde
Dyare, mal manje lakòz timoun yo pa ka grandi
Yo tebe
Alòske yon bann tè
nan nò, nan lwès, nan sid, nan lès ap gaspiye
Ki sa menm na-p regle ki serye?
Ki jan de rèv nou reve?
Ki jan de pal na-p etidye?
Ki edikasyon nou pwone?
Ki peyi menm nou vle?
Pou timoun, ki ekzanp nou bay?
Kisa na-p mouri kite?
1e me 2010
Fèt agrikilti ak travay
Ak kè fè mal
Ak tèt fè mal
Politik yo sal
bagay yo vin-n pi mal
Ayiti pèe dè zanti
Zonbi je pete pete sou li
Dan pouri ki pa vle wè li
Kole dan sou li
Lage nan san li
Yon viris
Pou kokobe li
1e me
fèt agrikilti ak travay
Nan yon peyi manje se liks li ye
Pou travay se pou negosye
Fete se twòp
Medite se anpil
Mikelita jean
Membre des defenseurs sans frontières des Droits Humains ( DESAFRODH)