yon lot demen

Toute sorte de proposition pour des nouveaux articles, ...
kelita
100 Posts
100 Posts
Messages : 144
Inscription : jeudi 02 août 2007 16:58
Localisation : Port-au-Prince,Haiti

yon lot demen

Message par kelita »

Konbyen adoken
si majorite ayisyen te genyen
yo ta rasanble nan yon kwen
pou yo wè yon lot demen?

Konbyen sakrifis yo ta kontan fè
Nan pa domi, leve bonè
Menm si se ta rete san manje, pye atè
Pou yo wè, kwaze sou chimen, limyè chanjman ak lapè?

Konbyen tan nou pèdi nan wout?
Konbyen espere nou espere jis nan bout?
Konbyen rèv nou reve lavalas dlo pran tout?
Konbyen flè lespwa nou keyi mete nan djakout?

Men sou yon ti zile ke nou ye
Kote kot a kot na'p mache
nan mitan'n move je antre
Simaye zizani, mete dife tout kote

Lapli mouye'n
Soley seche'n
Flanman pike'n
Zenglen boutey fan'n anba pye'n

Nou pa fouti fè avan
Nan tout kon na'p pise san
Sou po'n tout vye bèt ap kole dan
Sou yon zile, yon wout pèdi tan

Kilè na rive?
Kilès ka vin'n pran men'n ede'n mache?
Pou pi pre'n ta avanse
Wè soley libète leve
Wè demen leve sou tèt mon
Ap klere'n pou nan wout nou pa pèdi
Pou'n kontinye mache
Panse blese, kontinye avanse
Vale ak gwo gout nan gagan'n
Tout jalouzi ki divize'n
Tout rankin ki divose'n ak idantite'n

Demen sanble'l lwen!
Pouki'l pa vin'n pi pre?
Loraj ap gwonde
Sanble lapli rive!
Si'l ta tonbe, nou ta di mèsi Bondye!
Nou ta bwè dlo
Nou ta plen tout krich, tout kanari,
Tout bol, tout gode
Nou ta sere pou si demen'l pa tonbe
Nou ta pwofite plante, rekolte sa nou te simaye
Demen nou pa ta'p ni swaf ni grangou
Paske'n ta'p gen dlo, manje sere nan galata nou

pou moun lakay nou, pou fanmi nou, pou pitit nou
Demen nou ta asire!
Nou ta sispan'n plenyen bay lot ki travay pou posede
Nou ta sispan'n mande prete
Yon vè dlo, yon gode diri, yon gode pwa
Nou ta genyen pou'n bay fwa sa
Menm jan nou te konn fèl gen lontan sa!

Konbyen ayisyen
Jounen jodi ki pare pou sakrifis sa?
Ki deisde nan sa yo genyen
mete nan kwen
menm yon adoken
San yo pa fè chich
Retire nan tèt yo lide pou yo vinn pi rich

Pou konstwi yon lot demen
Yon demen ki pi bèl
Yon demen san rèl
Yon demen dous kou siwo myèl
Yon demen abiye ak sèt koulè lakansyèl
YOn demen pou nou tout
Yon lot demen, si'n vle, nou ka fèl




Mikelita Jean
Répondre